Skip to main content

Haïti: une réduction des risques plus sûre et des abris plus sûrs

Daphne Henning
01 March 2021

Haïti: une réduction des risques plus sûre et des abris plus sûrs

Rediksyon Risk pou Dezas ak Abri ki pi an sekirite. | Une réduction des risques plus sûre et des abris plus sûrs. | Photo: OIM/Amanda Nero

Ayiti: Rediksyon Risk pou Dezas ak Abri ki pi an sekirite

Goudou Goudou
Nou pap janm bliye,
Goudou Goudou
Tankou you mapou
N’ap rebay lavi
Rebati
Pou lespwa fleri

Ayiti, tankou tout lòt peyi, gen anpil danje nan anviwonman an ak dezas natirèl, tankou tranblemanntè, inondasyon, ak siklòn. Malgre ke, nou pa ka anpeche malè tankou dezas natirèl yo, nou tout ka fè yon bagay pou prepare nou pou nou ka diminye risk ke kominote yo ka fè fas.

Rediksyon risk ak dezas (DRR) gen pou objektif pou diminye domaj ke katastwof natirèl yo ka lakoz pandan ke nap fè prevansyon. Sa ka fèt atravè plizyè metòd ki gen ladanl kat zon riske yo, evalye risk yo, sipòte kominote nan ba yo bon jan enfomasyon epi prepare pou yo ka retounen byen bati lè yap met an pratik teknik ki nan "Bati Retounen pi an sekirite" nan rekiperasyon ak rekonstriksyon.

Kisa nou ka fè pou ankouraje Rediksyon Risk pou Katastwòf ak teknik “An nou retounen byen bati."

Tout moun gen yon wòl yo dwe jwe nan rediksyon risk ak dezas: gouvènman an, sektè prive a, òganizasyon entènasyonal yo, tankou Oganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM), chak fanmi ak chak sitwayen.

Ou menm ak kominote w la nan preparasyon pou katastwòf ak diminye risk la dwe swiv etap sa yo:
 

  • Garanti kay ou a genyen pou li kanpe anfas yon dezas natirèl le w mete an Pratik Teknik ki genyen nan “An nou retounen byen bati” epi ak bon materyo tou. Gen kèk bagay kle ou ka fè tankou asire w ke fondasyon kay ou solid, do kay ou a solid epi konstriksyon ou anfòm. Ou ka jwenn kèk bon ide le w klike nan lyen sa.
  • Chache enfomasyon! Pou jwenn plis enfòmasyon sou sistèm avètisman bonè ak dènye jesyon risk ak dezas, ou ka swiv sous sa yo:
  • Asire w ke ou idantifye yon wout evakyasyon ak abri (al gade nan gid evakyasyon sa a isit la
  • Eseye prepare yon valiz avèk bagay ki enpotan nan kay la pou nou ka kontinye viv (batistè, kat idantifikasyon nasyonal oubyen kat idantite oubyen paspo, medikaman, manje, dlo, elatriye).
  • Manm dyaspora ayisyen an jwe yon wòl enpòtan - swiv gwoup “Build Back Safer” sou Facebook pou konnen plis sou fason pou angaje

Nou la pou ede! Enskri isit la si ou ta renmen resevwa plis enfòmasyon sou zouti ki disponib, fòmasyon ak resous yo bati bilding pi an sekirite epi redwi risk pou yo danje natirèl.